Source: Hayti.netBòn Ane 2010 !Sè m, Frè m,Pandan kè nou ap bat sou kadans Mèm Amou an,Minouche avè m kontan anbrase w fratènèlmanE swete w yon BON ANE ! BON ANE 2010 !Gwo bo afeksyon ak tandrès pou ti moun yo!Anpil lanmou pou jèn ki renmen pafen diyite!Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.Nan lane 1804, pandan kannon libèteTap chante libera lesklavaj an Ayiti,Kolon ki bò isit an Afrik te deklare :"Nèg pa gen diyite; yo pa merite libète.Mete makak sou nèg san diyite sa yo."Anplis kout makak pou kò esklav yo,Kolon yo te taye yon bonèt makakPou eseye vire lolòy tout esklav yo.Se te yon kokenn zam sikolojik pouVide konplèks enferyorite nan tèt yo.Dapre kolon yo, konplèks enferyorite aAp fè esklav yo wont pwòp tèt pa yo.Konsa, pap gen diyite pou akouche libète.Bonèt makak sa a te kache yon pèlen ki gen 2 tèt :1- Nèg ki admèt ou enferyè deja kondane pouMouri nan esklavaj ou nan eksklizyon an.2- Nèg ki vle chèf e ki soufri konplèks enferyorite,Deja tou ajenou pou sèvi kòm konze, san diyite.Sèvo Tousen Louvèti ak Desalin, evidamman,Pat janm kokobe anba konplèks enferyorite.Byen vit, yo te dekouvri vye taktik kolon yo.Tousen Louvèti te konn ensiste pou montreKijan diyite ka bay fòs pou akouche libète.Ni Tousen Louvèti, ni Papa Desalin te ka redi :Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.Anvan n gade kijan pou nou rive anpecheDiyite n sove kite n nan ane 2010 sa a,Ann fouye rasin diyite a ak linèt lasyans.Sa fè preske 2 milyon aneDepi sèvo moun evolye pouRive nan OMO ABILIS.Omo abilis vle di moun abil.Olye yo te mache sou kat pat,Evolisyon sèvo yo te pèmèt yoMache sou 2 pye dèyè yo.Konsa, pye devan yo vin sèviKòm men pou fè zouti, manje…Sèvo Omo Abilis pat lou ditou.Li te peze anviwon 500 gram.Pi ta, lè Omo Abilis te vin tèlman fò, fòNan kesyon mache sou 2 pye, yo rele lAn laten, OMO EREKTOUS, sa vle di,Moun ki drese drèt pou mache sou 2 pye.Sèvo Omo Erektous te rive nan 808 gram.Lè sèvo l ogmante pou rive nan 1400 gram,Yo chanje non l pou rele l OMO SAPIENS.Omo Sapiens vle di moun saj, moun entèlijan.Se yo menm ki te soti an Afrik, tonbe an AziPou travèse an Amerik , rive bò lakay apye.Yo te ka fè wout la apye paske lè sa aPat ko gen lanmè berig pou separeKontinan Azi ak kontinan Amerik.Sa gen anviwon 30 a 15 mil aneDepi yo te fè gwo vwayaj sa a apye.Sèvo nou menm tou se sèvo Omo Sapiens.Li 2 fwa pi lou pase sèvo chanpanze ak goril.Menm si sèvo elefan pi lou pase sèvo moun,Se akoz grosè kò elefan an, men se pa anyanDevan pisans wòd pòte ki chita nan sèvo moun.Nan dènye 10 zan anvan Premye Janvye 1804 la,Yon seri savan tankou Galvani, Aldini, Volta,Alexander von Humboldt… te fè anpil diskisyonSou pisans enèji elektrik ki nan kèlkeswa sèvo a,Kit se sèvo yon moun, kit se sèvo yon zannimo.Sa mennen n poze yon kesyon syantifikKi konekte dirèk dirèk ak diyite moun.Kesyon an ?Ki sa k fè gen yon kokenn diferansAnt sèvo yon moun ak sèvo yon bèt ?Repons :Ni pou yon moun, ni pou yon bèt,Dèyè sèvo a rele SEREBELOUME devan sèvo a rele SEREBROUM.Nou redi: dèyè se SEREBELOUME devan sèvo a se SEREBROUM.Men, nan sèvo bèt, serebroum nanOu byen devan sèvo a pa devlope.Ò, bout devan an, se li menm menm ki katye jeneralRezonman, refleksyon, kalkil, konsyans, entèlijans…Nan sèvo bèt, jan nou te di, sereboum nan pa devlope.Nan sèvo moun, erezman, afè mache sou 2 pye aTe jwe yon gwo wòl nan devlopman serebroum nan.Ni sèvo esklav, ni sèvo kolonGen serebeloum ak serebroum.Sonje, serebroum se devan an.Sepandan, 400 zan esklavaj laFè nou poze anpil kesyon souDevlopman serebroum kolon yo.Nan gwo evolisyon pou vin pi moun,Sèvo esklav yo te pi an sante lontanPase sèvo kolon k te di yo siperyè yo.Lè n fè radyografi krim kolon yoTe fè pandan 4 syèk lesklavaj la,Nou dekouvri aklè fonksyonmanSèvo anpil kolon ki te psikopat.Yon psikopat pa gen eta dam lè lap sasinen moun.Kesyon moral, kè sansib, sa pa egziste pou li.Si pou enterè pòch li, li santi fò l disparèt yon pèp,Lap fèl e li pap gen ankenn lagratèl nan konsyans.Se egzakteman lekontrè pou yon mounTankou Tousen Louvèti ki te konnenMoun gen diyite e diyite egzije libète.Premye Janvye 1804 laSe yon revolisyon sèvo.Wi, Premye Janvye 1804Se yon revolisyon sèvo.Sèvo esklav yo revòlte eYo di : Nou pa makak,Nou pap mache a kat pat.Nou pa makak, nou pap fè makak.Nou pa bourik, nou pap bourikePou chwal galope sou po do n.Donk, se diyite sa a menm ki te akouche fòsPou esklav yo te reyalize Premye Janvye 1804.Jodia, 205 lane apre, ki sa k rete nan diyite sa a ?Sè m, Frè m,Jodia, 205 lane apre, ki sa k rete nan diyite sa a ?Jèm diyite sa a toujou byen vivanNan san Pèp Ayisyen an, sepandanLi disparèt nan san pi fò dirijan yo.Si jodia endiyasyon ap toufe Pèp la,Se paske Pèp la blese nan diyite l.Kouto trayizon an pike li fon, fon.E paske l gen diyite, li senyen anpil.Deplis, odè imilyasyon an ap toufe l;Sant eksklizyon an ap dekonpoze l.Si mizè, grangou klowòks ak asid batriFè l ap kankannen nan dife chomay,Se pa akoz parès jan yo abitye akize l.Aletranje kòm lakay, Ayisyen toujouRedi travay di, paske l gen anpil diyite.Pi gwo sous mizè a se triyo sa a:Kolon, nouvo kolon ak konze yo.Konplo a se jouke pòv malere nanEsklavaj modèn ou neoliberal la.Gade nan ki eta Peyi nou an trouve lDepi kidnapig 29 fevriye 2004 la !Gade kijan tout pwomès lespwaTounen gwo pè souflèt dezespwa !Nan bay egzibisyon de gidon,Koripsyon fè salè minimòmTounen yon malè minimòmAnba yon mizè maksimòm.Malgre tou, paske l gen diyite,Pèp la kontinye pwouve kijanLi grangou men l pa ti grangou.Se pousa li pap janm ka bliyeLanmò Pè Jan Jis ak anpil lòt Ewo,Disparisyon frè nou Lovensky,Kalvè prizonye politik kap pouriNan prizon depi ane 2004-2005.An 2006, Pèp la te vote pou retou.Rezilta ? Trayizon. Pwen. Pwen ba.An 2009, lè majorite a mande eleksyon lib,Pouvwa a koule beton mepri nan zòrèy liPou l choute Pèp la ak yon awogans engra.Otorite yo jete Pèp la tankou yon pil fatra.Lajistis di : Otan ! Otan ! Pèp la gen rezon.A ! Blag ! Ata jij pran kout pye revokasyon.Kòm Pèp la gen anpil diyite, li fèmen pòt li19 Avril ak 21 Jen pou montre endiyasyon l.Sa l toujou vle se eleksyon e non seleksyon.Men, pou rantre kouto trayizon an pi fon toujou,Prezidan Préval fè seleksyon an san ankenn jèn.Nan ane 2010 sa a, li pral fè lòt seleksyon pi rèd:Pouvwa a boule limyè wouj Konstitisyon an aklè.Lè pouvwa a boule limyè wouj Konstitisyon an,Sa pa deranje etranje, men sa mete n pi andanje.Diyite n oblije n ouvè je n pou n evite pi ta pi tris.Blan yo te peye 12 milyon 500 mil dola amerikenOu ankò, 72% lajan ki te fè seleksyon 2009 yo.Kounye a Blan yo dispoze peye 18 milyon dolaPou kontinye fè lòt seleksyon nan ane 2010 sa a.Konsa, nan menm lojik byen konte mal kalkile a,Prezidan peyi a santi li alèz anba zèl cha blende,Pou li blende Pèp Ayisyen ak boulèt seleksyon.Ayiti anba yon lòt koudeta elektoral koteOkipasyon cha blende, se ret kanpe la pouBoulèt seleksyon gaye sèvèl yon Pèp kiPa gen ni dwa pou vote, ni dwa pou manje.Sè m, Frè m,Nan respè ak diyite, fòk gen moun saj ki di non !Pou sove diyite Ayiti, fòk gen moun saj ki di non !Pou pi ta pa vin pi tris, fòk gen moun saj ki di non !Pou diyite n pa sove kite n, fòk gen saj ki di non !Si tout koudeta elektoral ak koudeta kidnapigTe rapòte Ayiti, jodia, mizè a pa ta vin pi rèd.Si 500 zan eksklizyon ou apatay te rapòte Ayiti,Jodia, nou pa ta toujou ap mare lafimen kriz,Alòs ke n chita sou bon jan richès natirèl tankouLò, kwiv, iranyòm, boksit, ajan, poutzolan, mab…Kabonat kalsyòm Payan sèlman depase $ 23 milya.Rezèv petwòl la, san dout, pi plis pase sa nou kwè,San konte nou menm menm ki se pi gwo richès la.Lè a rive pou n fè rekonèt diyite tout moun.Tout moun san distenksyon, pòv kòm rich,Peyizan kòm moun lavil, analfabèt ou pa,Tout moun konte. Fòk vòt tout moun konte.Moun ki sivilize pa nan chen manje chen.Nèg ki sivilize pa trete moun kòm chen.Blan ki sivilize pa pran Ayisyen pou chen.Kolon te lage chen dèyè AfrikenPou kenbe mòde Nèg kòm jibye ;Tousen pote mak chen mòde antrèt.Desalin viktim gwo chen mechan.Menm jan ak Zansèt yo,Fòk Pèp la toujou refizeKite mechan yo trennen lNan labou imilyasyon an.Ochan pou chak Ayisyen ki kenbeBouji diyite a byen fèm nan men l.Bouji diyite sa a dwe toujou eviteVan divizyon pou l ret tou limen.Pèmèt mwen felisite tout manmFanmi Lavalas ki ret kanpe djanmPou n reyisi ak Pèp la, jamè san li.27 ane nan prizon pat fè MandelaSikonbe nan tantasyon trayi Pèp la.Viktwa final la se pou Pèp Ayisyen.Vox Populi, vox Dei ! Sa vle di :Vwa Pèp la se vwa Bon Dye !Ochan pou nou tout ki solidè avè l !Chapo ba pou solidarite 15 Jiyè a !Bravo pou kokenn mobilizasyon16 Desanm 2009 la ki se tròkèt la.Nou pi plis. Nou pi sibi. Nou pi viktim.Men, plis nou plis se mwens nap viktim.Depi gen eleksyon lib, onèt, demokratik,Nap ranpòte laviktwa pou nou sèvi Pèp la ;Jamè pou sèvi ak Pèp la jodi, trayi l demen.Sè m, frè m,Lespwa fè INITE jodi a pou trayi demen.Lespwa chanje non, men l pa chanje mèt.Lespwa INITE se pran plis, pou trayi plis.Rèv psikopat se itilize lajan Pèp la pouFè serebroum goumen ak serebeloum.Lè serebroum goumen ak serebeloumSonje, se devan kap goumen ak dèyèPou psikopat yo sele Pèp la devan dèyè.Rèv pa nou, se menm rèv Tousen Louvèti a ;Kidonk, fè diyite bay fòs pou akouche libète.Rèv pa nou, se menm rèv Jan Jak Desalin nan ;Kidonk ofri lavi nou pou sove diyite n paskeSi n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.Tousen Louvèti rete fidèl jis souf li fin etenn.Papa Desalin bay san l pou l pa bay kou nan do.Fidelite sa a soti dirèk dirèk nan sous diyite a.Pou n pwoteje sous diyite sa a, fò n dedouble n.E pou n dedouble n, fò n ogmante vitès sèvo a.Pou ogmante vitès sèvo a, fò dòmi pa pote n ale.Lè w nan fon somèy, sèvo a mache souVitès DELTA ki ka bay 4 Hz chak segonn.Lè w reveye je kale, tèt klè, ou tou limen,Vitès sèvo a ogmante jiska 18 rive 30 Hz.Lè sa a, ou nan yon vitès ki rele BETA.Se ak vitès beta nou te debouche sou 16 desanm 1990.An 2010, pa gen dòmi di nan delta pou somèy pote n ale.Donk, fòn pase vitès beta pou n soti nan eksklizyon anE leve flanbo diyite a lakay kòm aletranje chak jou pi wo.Sè m, Frè m,Pou kokenn wòl manman Ayisyèn jweNan ba n tete lèt diyite depi n te ti bebe,Pèmèt ke Minouche avè m prete vwaTout jèn fi, jèn jan ki sèvi ak pafen diyite,Pou redi manman yo yon Bòn Ane espesyal.Ou menm, Manmi cheri ki Okap, Okay, Jeremi,Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv, Ench, Jakmèl,Miragwan, Sen Mak, Tigwav, nou di w Bòn Ane.Yon lòt bèl woz Bòn Ane pou ou Manmi cheriKi nan Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,Petyonvil, Kenskòf, toupatou nan Pòtoprens.Se pou pafen Bòn Ane 2010 la anvyi w,Ou menm Manmi cheri kap viv aletranje.Lè manman ap akouche yon pitit,Sèvo l pwodwi yon chimi lanmouKe save yo rele OKSITOSIN.Oksitosin nan fasilite akouchman,Simante atachman pitit ak manmanE rann moun ki damou enseparab.De menm, ant Manman Ayiti avè m,Genyen yon dòz oksitosin espesyal kiRann nou enseparableman enseparab.Kidonk, retounen jodi a,Ou byen retounen demen,Retou a ap fèt kanmenmPou n kontinye deboucheAnpil lòt bon pafen diyiteNan lespri Mèm Amou an.Annatandan ke lesepaseGouvènman Ayisyen anRive isit, an Afrik di Sid,M chwazi lang manmanMandela a ki se isiXhosa,Pou redi n:Sizodibana ekhaya !Randevou lakay !Ngothando olunye!Mèm Amou !Dr Jean-Bertrand AristidePretoria, Desanm 2009

You need to be a member of New York in French to add comments!

Join New York in French

Email me when people reply –